MASStrong pou Travayè Swen Sante Premye Liy


MASStrong pou Travayè Swen Sante Premye Liy nan Massachusetts yo

Asistan swen sante yo ka resevwa jiska $180 lè yo patisipe


Èske w se yon asistan nan yon mezon retrèt, yon travayè k ap ede moun nan kay, yon asistan swen pèsonèl, oswa yon moun k ap bay swen alontèm k ap travay nan Massachusetts? Vin patisipe nan yon gwoup sipò MassSolid epi resevwa jiska $180 kòm yon remèsiman poutèt ou patisipe nan yon etid!


Zafè travay pandan COVID-19 la te difisil anpil epi ou merite jwenn sipò. Lè w se yon travayè swen sante premye liy se yon travay ki di anpil epi sa te vin pi difisil pandan pandemi COVID-19 la. Nou konnen ou bay moun w ap pran swen yo a tout ou menm, tankou tan w, enèji w, ak sipò w. Nou ta renmen ofri w plis sipò atravè Gwoup Sipò MASStrong nou yo, ki fèt espesyalman pou ou.


 Kisa MASStrong Ye?

MASStrong se yon pwogram kote travayè swen sante yo ka reyini ansanm an gwoup pou pale sou difikilte ki genyen lè yon moun se yon travayè swen sante. Lè yo itilize modèl GPS Group Peer Support® la, chak gwoup pral gen de (2) lidè ki fòme, ki pral ede manm gwoup yo pataje eksperyans ou yo antanke yon travayè swen sante epi konekte ak lòt moun ki konprann estrès ou genyen chak jou nan travay ou a. Gwoup sipò yo fèt espesyalman pou travayè swen sante yo epi se moun ki konprann sipò inik ou bezwen antanke yon travayè swen sante premye liy ki fè gwoup sa yo.

 

Ou merite yon ti repo jodi a! Sa se okazyon ou genyen pou w reflechi, pran yon ti souf, epi resevwa sipò pou tout sa w fè epi pou jan w te travay di depi kòmansman pandemi COVID-19 la


Kijan gwoup sipò yo pral fonksyone?

Gwoup sipò yo pral:

  • Fèt atravè Zoom anliy  - ou ka patisipe nan gwoup sipò yo sou telefòn ou, tablèt ou, oswa òdinatè lakay ou
  • Fèt nan lang Anglè, Panyòl, ak Kreyòl Ayisyen
  • Dire 1 èdtan edmi yo chak - ou ka patisipe nan 3 gwoup pou pi plis!
  • Fèt nan tout sekirite epi konfidansyèl
  • Sou direksyon 2 lidè gwoup ki fòme.

Ki fason yo pral konpanse mwen pou tan mwen an?

Nan chak gwoup ou fin patisipe, yo pral voye yon sondaj ba ou. Sondaj yo pral pran apeprè 15 minit pou ranpli yo. Lè w fin soumèt sondaj la, ou pral resevwa yon kat kado $60. Ou ka patisipe nan 3 gwoup sipò pou pi plis, pou ka resevwa jiska $180 nan kat kado. 

 

Kat kado yo se fason pou nou remèsye w paske w te patisipe. Ou pral kapab chwazi kat kado a nan fòm yon kat Visa, oswa chwazi youn pami magazen ak restoran prefere w yo.

Vin patisipe nan yon gwoup sipò MASStrong epi resevwa jiska $180 kòm yon remèsiman poutèt ou patisipe nan yon etid! 


MASStrong se yon patenarya ant GPS Group Peer Support® ak Betsy Lehman Center for Patient Safety.

MASStrong jwenn finansman nan men eta Massachusetts la atravè fon federal ki soti nan Lwa 2021 sou Plan Sekou Ameriken an (American Rescue Plan Act of 2021), pou bay yon repons ak enpak pandemi COVID-19 la fè sou travayè swen sante premye liy yo. 


BLC LOGO